Brisez le sceau pour lire le poème
Lalwèt nou vale menm lang kreyòl la
san m pa fè w anyen
ou tche m
M se yon malere
san lajan, san anyen
ou kidnape m
Desalin bann tè sa pou eritaj
m tounen yon etranje
ou fè m kriye san
plis pase san fwa
san rete
m pa menm ka pase Matisan
San pa sispann koule
menm san Desalin nan
k ap koule nan venn nou
ou san nanm
ou san santiman
ou san fwa ni lwa
