Brisez le sceau pour lire le poème

Sa gen plizyè leve solèy
ak kouche lalin
zetwal san babin
tanmen tonbe kou fèy

Chak jou lanmò vide san n
vapè pa fè pè kiyè bwa
men dife gen pouvwa
pou mete l an sann

Pèp ap kouri
pye l plen riyèl
nan tout riyèl
kadav ap pouri

Nou bouke, nou bouke
Se atò rèl vèditè
k ap tann yon sovè
Yon èl salvadò, yon Boukele

Kouri a chanje bò
bouke a nan lòt kan
gwo kòlèt ki t ap fè frekan
leve drapo blan douvan salvadò